Fòm 14446(HT) (Rev. 10-2016)
www.irs.govNimewo Katalòg 68078M
Fòm 14446(HT)
(Oktòb 2016)
Depatman Trezò – Sèvis Enpo Internal Revenue Service
Konsantman Vityèl pou VITA/TCE Kontribyab
Nimewo OMB
1545-2222
Fòm sa a egzijib nenpòt lè kontribyab la konplete oubyen/epi verifye kalite deklarasyon enpo kontribyab la nan yon sityasyon kote sa pa
fèt an pèsonn. Se pou sit la eksplike kontribyab la pwosesis sit sa a pral itilize pou prepare deklarasyon enpo kontribyab la. Lè sa
nesesè, se pou yo enfòme kontribyab la pwosedi ak risk ki genyen lè enfòmasyon pèsonèl yo ap transfere soti nan yon sit pou ale nan
yon lòt (lè yo sèvi avèk pwosesis C oubyen D).
Pati I – Se sit VITA/TCE a ki pou ranpli li:
Non sit prensipal/sit dakèy ki pran enfòmasyon pèsonèl
Adrès sit la (Ri, Vil, Eta, Kòd lapòs)
Nimewo idantifikasyon sit la (SIDN) Non kowòdonatè sit la
Non kontak sit la Nimewo kontakt sit la
Sit sa a ap sèvi ak metòd Vityèl (sa vle di yon metòd tankou ou te la an pèsonn) VITA/TCE yo pou prepare deklarasyon enpo ou:
A. Plan pwovizwa pou ka dijans VITA/TCE: Sit sa a sèvi ak yon pwosesis pwovizwa pou depoze dosye lè gen pàn entènèt, lè
lojisyèl konpitè pwogram òdinatè yo pa mache, oubyen si pa gen ase moun kalifye ki disponib pou prepare/verifye kalite
deklarasyon enpo yo.
B. Sit pou depoze dosye: Sit sa a sèvi ak yon pwosesis pou depoze dosye kote sit la kenbe enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye
moun (nimewo sekirite sosyal, Fòm W-2, eksetera.) pou prepare deklarasyon enpo a sou menm sit la men nan yon dat pi
devan. Nan pwosesis sa a, ou pral retounen nan menm sit la pou verifye kalite deklarasyon enpo a epi/oubyen pou siyen l lè li
fin ranpli. Sit sa a pral eksplike kalite metòd li pral itilize pou kontakte ou si yo bezwen plis enfòmasyon pou prepare epi/oubyen
verifye kalite deklarasyon enpo a.
C. Sit Dakèy ak yon Sit pou Preparasyon epi/oubyen Sit pou Verifye nivo Kalite: Nan metòd sa a, sa posib pou kontribyab lan
kite enfòmasyon pèsonèl ki kapab idantifye li tankou (nimewo sekirite sosyal, Fòm W-2 ak lòt dokiman) nan sit la pou yo kapab
prepare epi/oubyen verifye kalite deklarasyon enpo a nan yon lòt sit. Nan pwosesis sa a, enfòmasyon deklarasyon enpo
kontribyab la ka ale yon lòt kote pou youn oubyen plizyè nan rezon sa yo: entèvyouve kontribyab la, prepare deklarasyon enpo
a, oubyen pou fè yon verifikasyon verifye nivo kalite deklarasyon an. Kontribyab la pral retounen nan sit kote tout enfòmasyon
preliminè l yo ye a pou verifikasyon kalite a oubyen pou siyen deklarasyon ki ranpli deja. Si sa nesesè, sit la pral eksplike ki
metòd yo pral itilize pou kontakte kontribyab la si yo bezwen enfòmasyon anplis pandan yo ap prepare oubyen pandan yo ap fè
verifikasyon kalite deklarasyon enpo a.
Yo pral transfere enfòmasyon pèsonèl ou yon lòt kote a travè:
Imèl
Faks
Lapòst
Yon lòt mwayen (eksplike)
D. Lòt metòd ki aprouve (eksplike)
Enfòmasyon pou kontakte sit la (enfòmasyon sit pou sit ki pral resevwa enfòmasyon kontribyab la pou kapab prepare epi/oubyen verifye
kalite deklarasyon enpo a, si yo konnen li)
Adrès sit la (Ri, Vil, Eta, ZIP Kòd)
SIDN Non kowòdonatè sit la
Non kontak nan sit la Nimewo telefòn sit la
Fòm 14446(HT) (Rev. 10-2016)
www.irs.govNimewo Katalòg 68078M
Yo pral kenbe Paj de (2) nan fòm sa a tout lòt dokiman dokiman ki egzijib yo.
Pati II: Pwosesis la:
Pandan Pwosesis kote y ap pran enfòmasyon pèsonèl ou yo, ou pral gen pou ou:
• Siyen Fòm 14446
• Ranpli Fòm 13614-C, Feyè pou Enfòmasyon preliminè/Entèvyou ak Verifikasyon Kalite.
• Pote tout enfòmasyon/dokiman ki nesesè pou prepare yon deklarasyon enpo ki pa gen erè ladan l.
o Pyès idantite ki gen foto ou epi pyès idantite ki gen foto mari/madanm ou (si ou genyen).
o Fòm W-2, 1009 epi/oubyen nenpòt lòt dokiman ki montre Revni ou, Depans epi Evènman nan lavi ou ki make nan lis Fòm 13614-C
la.
o Kat Sekirite Sosyal (oubyen nenpòt lòt dokiman sekirite sosyal ki otorize) oubyen Nimewo Idantifikasyon Fiskal Individyèl
(Individual Tax Identification Numbers) pou ou menm, mari/madanm ou epi moun ki ta depandan ou (si genyen).
o Nenpòt lòt dokiman ki nesesè pou prepare yon deklarasyon taks ki san erè.
• Patisipe nan yon entèvyou ak volontè a pou pale sou tout enfòmasyon ki parèt nan Fòm 13614-C pou kapab asire moun ki prepare
deklarasyon an genyen tou sa li bezwen pou prepare deklarasyon enpo ou la.
Pandan Pwosesis Preparasyon Deklarasyon an:
• Si sa nesesè, yo kapab kontakte ou pou plis enfòmasyon. Si yo kontakte ou tanpri, swiv plan ki te prepare yo pou kenbe kontakt
youn ak lòt pou ou ka asire ou nan sit ki kòrèkt la, epi yo ap diskite avè ou enfòmasyon deklarasyon enpo pa ou.
• Si moun ki ap prepare deklarasyon an gen tout sa ki nesesè pou prepare deklarasyon an, se jis lè yo fin prepare deklarasyon enpo a
y ap rele ou.
Pandan Pwosesis Verifikasyon Kalite a, oumenm (epi madanm/mari ou si ou genyen) pral gen pou ou:
• Verifye pwosesis la.
• Evalye deklarasyon enpo ou la lè li fin ranpli pou veye si non yo, nimewo sekirite sosyal yo, adrès, enfòmasyon labank, revni ak
depans yo kòrèkt. Sa se yon bagay ki enpòtan paske a la fen se ou menm ak mari/madanm ou (si ou genyen) ki gen responsabilite
final pou tout enfòmasyon ki sou deklarasyon enpo a.
• Siyen Fòm 8879, Otorizasyon pou Siyati elektwonik IRS (IRS e-file Signature Authorization) lè Verifikasyon Kalite a fin fèt.
Pati III: Konsantman Kontribyab la:
Demand pou Verifye Deklarasyon Enpo ou pou veye si tout enfòmasyon yo egzakt:
• Pou kapab asire ou resevwa bon kalite sèvis epi yon deklarasyon enpo ki prepare san l pa gen erè ladan l nan sit volontè a,
anplwaye IRS yo fè yon seleksyon nan nenpòt sit preparasyon taks gratis pou yo evalye. Si yo idantifye oswa jwenn erè, sit la ap fè
koreksyon ki nesesè yo. IRS pa kenbe okenn enfòmasyon pèsonèl ki nan deklarasyon enpo ou apre li fin verifye li epi sa pèmèt yo
verifye pwogram preparasyon deklarasyon VITA/TCE nou yo pou deklarasyon enpo ki prepare san erè. Si ou pa vle deklarasyon
enpo pa ou la antre nan pwosesis verifikasyon an, sa pap afekte sèvis ou resevwa nan sit sa a. Si yo seleksyone sit ki prepare
deklarasyon sa a, èske ou bay konsantman ou pou yon anplwaye IRS evalye deklarasyon enpo ou an pou wè si pa gen erè?
Demand pou itilize Pwosesis VITA/TCE an:
• Si ou dakò pou fè yo prepare deklarasyon enpo ou epi trete dokiman enpo ou nan fason ki dekri pi wo a, siyati ou egzijib sou dokiman
sa a. Lè ou siyen dokiman sa a, sa vle di ou dakò ak pwosedi ki eksplike pi wo yo pou preparasyon yon deklarasyon enpo pou ou (si
sa se yon deklarasyon Konjwen moun Marye, se pou mari ak madanm siyen epi date dokiman sa a). Si ou chwazi pou ou pa siyen
fòm sa a, nou ka pa an mezi pou nou prepare deklarasyon enpo ou la jodi a.
Wi Non
Ekri non ou an lèt detache
Dat nesans Kat (4) dènye chif nan Nimewo
Sekirite Sosyal/Nimewo ITIN
Siyati
Dat Nimewo telefòn
Adrès imèl
Ekri non ou an lèt detache (mari/madanm si ou Marye epi ou fè
deklarasyon konjwen)
Dat nesans Kat (4) dènye chif nan Nimewo Sekirite
Sosyal/Nimewo ITIN
Siyati
Dat Nimewo telefòn
Adrès imèl
dd mmm yyyy
dd mmm yyyy
dd mmm yyyy
dd mmm yyyy